English Español Português Français Deutsch Kreyòl

 

Apèl Pou Prezantasyon Rechèch

Asosyasyon pou Etid Dyaspora Afriken (ASWAD)
10e Konferans Biennale
Kolèj William ak Mary ap òrganize
Williamsburg, Vijini, Etazini

 

Komemorasyon, Renesans, Revolisyon:
Sans Libète nan monn Afriken nan tan ak espas

Sòti 5 pou rive 9, Novanm 2019

Lane 2019 la fè 400e anivèsè depi yo te debake ak yon ventèn esklav, ki soti an Afrik kote yo rele Etazini nan Jameston nan Vijini, nan mwa dawout, nan lane 1619. Nan dokiman anglè, yo kote yo dekri yo kom ‘’yon ventèn e kèk nèg,” moun afriken sa yo, ki te kaptire sòti nan lwès ak santral Afrik, te reprezante anpil nan komès esklav pa bato sòti an Afrik pou ale an Ewop, epi pi gran migrasyon fòse nan monn la nan Afrik, Ewop, Amerik yo, ak Azi. Sistèm mondyal asèvisman (fe akriken yo tounen esklav) sa a ak opresyon sa a, te jwe yon gwo wòl nan kreyasyon yon ‘’Monn nouvo.’’ Malerezman, nan monn nwa yo, emansipasyon moun yo te vann yo pat pèmèt yo lib nèt. An plis de sa, plizyè dizèn lane dominasyon kolonyal ewopeyen, sitou sou kontinen afriken an te bare moun ki gen zansèt yo, afriken nan ekonomi politik mondyal yo, avèk yon enpak negatif ki kontinye jous jounen jodi a.

Afrik se manman limanite. Nan anpil sikonstans, moun ki gen zansèt yo afriken sa yo epapiye yo epi migre nan tout kwen sou planèt la. Pil dyaspora afriken make mouvman sa a plizyèfason (volontè ou non): esklavaj, komès, objektif pou vin militè anbisyon kiltirèl, akademik ak pwofesyonèl. Konpreyansyon laj sa ofri nouvèl posibilite pou nou apresye nan tout nannan istwa konplès ak kiliti kreyativ a travè anpil dyaspora afriken jounen jodi a. Malgre tout diferans ki genyen nan mitan dyaspora afriken nan lemonn, gen anpil pwen komen tou tankou mete yo sou kote, refize entegre yo. Malgre rasis nan lemonn vin pi grav, sa pa anpeche afriken pedi idantite yo. Malgre tout vye bagay lèd moun ki zansèt afriken sa yo sibi, sa yo te viv epi kontinye viv, yo te reziste epi pwospere pandan yap sonje pase yo epi imajine demen yo yon lot jan nan fason pou yo kontinye mennen Renesans, Libète, Revolisyon nan monn nouvo sa.

Pou 10e konferans ki konn fet chak 2 zan an, Asosyasyon pou Etid Dyaspora Afriken (ASWAD) ap envite soumèt panèl ak pwopozisyon endividyèl yo. Konferans sa ap fèt nan Williasmsburg, Vijini (USA) sòti 5 pou rive 9 novanm 2019 sou kanpous kolèj William ak Mary a. N ap diskite, reflechi, epi ekzamine eritaj esklavaj la ak sans libete pou moun ki gen zansèt yo afriken nan nivo nasyonal ak entenasyonal. N ap chèche tou kèk entevansyon (kominikasyon) k ap kesyone anpil lot dyaspora ki komanse nan Afrik epi k ap kontinye grandi nan Lewop, Lazi, MWayen Oryan, Ameriq Santral, Amerik Sid, nan Karayib yo ak Peyi Pasifif la. Men nou vreman entèrese ak panèl epi kominikasyon endividyèl k ap pale sou tèm konferans lan: Komemorasyon, Renesans ak Revolisyon nan plizyè fòm dyaspora afriken nan mitan tan ak Lespas. Men tou, nou entèrese ak panèl ki trete tout peryòd oubyen tèm ki gen rapò ak etid desandan afrik yo. entèrese ak panèl ki trete tout peryod oubyen tem ki gen rapo ak etid desandan afrik yo.

Kom Asyosyasyon pou Etid Dyaspora Afriken se yon asosyasyon ki gen plizye disiplin, l ap envite moun k ap fe rechèch sou tout disiplin tankou Syans Sosyal, Syans Moun, moun atis espektak, syans sante ak lavi, enfomatik, pou yo prezante ekspoze sou vi Afriken ak moun ki gen zansèt yo afriken. Objektif pa nou se kolabore ak kominote aktivis, entelektyèl, nan lide pou nou kenbe yon dialog fò sou dyaspora nwa a, sans libète lè sa fèt ak kote sa fèt (tan ak espas) ak eritaj historik epi nouvel esklavaj la.

Mete sou inivèsitè yo, Asosyasyon an konte jwenn patisipasyon yon pil patisipan epi pwofite envite atis, jounalis, militan, moun k ap fe rechèch endepandan, ak tout moun ki gen enterè ki chita espesyalman sou dyaspora afriken. Nou swaf espesyalman fòme epi amelyore kolaborasyon ant moun k ap fè rechèch, inivèsitè et manm kominote a.

N ap ankouraje pwopozisyon ki koresponn ak ki gen pou wè ak tèm konferans lan. Tèm panèl nou sijere san nou pa limite nou ak yo, se:

  1. Esklavaj, abolisyon, reparasyon
  2. Libète, Rezistans ak Revolisyon
  3. 10 lane entènasyonal moun ki gen zansèt yo sòti an Afrik nan Nayon Zini (2005-2024)
  4. Enpòtans pou komemore lane 1619
  5. Byenèt moun ak dwa moun nan monn afriken an ak kontinen afriken an
  6. Feminis dyasporik (femimis ki nan peyi etranje yo), fanm, fi avek tout Lafrik la
  7. Ekonomi politik, mondyalizasyon, migrasyon, ak diaspora afriken nan
  8. Relijyon, pouvwa ak praxis nan diaspora afriken lan
  9. Mizik, pefomans, ak aktivis kiltirèl nan Afrik epi nan monn nwa a
  10. Fanmi yo, kominote a, ak monn nwa a
  11. Leta, sitwayennte ak Sosyete sivil
  12. “Black Lives Matter,” Reaja ou Será Morta, Reaja ou Será Morto, Anpil moun nan prison: Vyolans Leta ak resistans monn nwa yo
  13. Diaspora nwa ak queer ak moun LGBTQ nwa yo
  14. Nasyonalis blan, Rasis, Ksenofobi ak monn lan kontanporen nwa.
  15. Chesapeake a ak dyaspora Afriken an.
  16. Manje, Sante, Byennèt ak Afrik mondyal
  17. Anviwònman an, Chanjman Klimatik, Devlopman Dirab ak monn lan Afriken
  18. Medya, Reprezantasyon ak monn Nwa.
  19. Literati ak Tradwi Dyaspora Afriken ak idantite Nwa.
  20. Medya sosyal, medyasyon elektwonik, mobilite dijital ak koneksyon teknolojik.
  21. Kominote dyasporik nan monn asiatik: Lachin, Peyi Zend, Japon, etc.
  22. Espò ak atlèt nwa
  23. Tanporalite, Memwa ak dyaspora Afriken an.
  24. Pedagojik, Edikasyon siperyè, Kominote ak Aktivis
  25. Syndikalizasyon nan kontèks loka lak transnasyonal.
  26. Ewòp nwa.
  27. Jeografi, Espas ak Kote.
  28. Avni dyasporik Afriken yo: Defi yo ak Opòtinite
  29. Dyaspora yo nan komès esklav la pre-atlantik
  30. Kominote dyasporik nan Mwayen Oryan
  31. Dyaspora yo nan Komès, Travay ak Migrasyon ekonomik
  32. Dyaspora yo pwfesyonèl/Professional/edikatif
  33. Dyaspora yo kiltirèl ak dyaspora ak idantite etnik (dyaspora Yoruba)
  34. Panèl sou “eta de disiplin lan”

 

Enfòmasyon sou ekskirsyon

Konferans lan bay patisipan yo aktivite lokal yo ak nan kominote Vijini. Konfersans patisipan yo ap vizite sit istorik enpòtan epi patisipe nan evènman kominote yo tankou “Jou nan Chonje” nan Pwen Comfort, premye kote yo rive Afriken yo nan 1619. N ap vizite Fort Monroe, site la nan liberasyon nan 100,000 nwa ki moun ki chape nan esklavaj pandan lagè nan Seksyon; sit nan chemen klandesten ak kominote maron; “santye nan Nat Turner”; ak “bwa chèn nan emansipasyon” nan inivèsite Hampton. Konferans lan konyenside avèk festival gastronomik Afriken nan Williamsburg de 8 jiska 10, Novanm, 2019. Festival la montre kuizin ak kilti Afriken, Karayib la, Sid Ameriken, Afriken Ameriken ak Ameriken Endyen Natif Natal. Festival la reprezante tèm dyasporik nan konferans lan ASWAD. Konferans lan konkli ak yon vizite nan istorik la “ katye Jackson” nan Richmand. Moun ka wè ekspozisyon yo nan 1619 nan mize nan atizay amann nan Vijini ak mizi nan istwa ak kilti nan Vijini ak yon resepsyon final nan Enstiti pou Artizay Kontanporen nan Inivèsite Vijini Commonwealth.

 

Enstriksyon pou soumèt nan pwopozisyon yo

Tout patisipan yo nan konferans lan ASWAD dwe manm nan ASWAD. Pou rantre oswa renovle, tanpri, klike isit la: https://aswad.memberclicks.net/

Pwopozisyon pou panèl konple gen priyorite nan pwosesis pou yo revize. Tanpri soumèt pwopozisyon pou panèl nan 200 mo maksimòm pou panèl tematik ki genyen kat manm ak yon moderatè rekòmande. Pwopozisyon panèl dwe gen yon rezime de 150 mo maksimòm ak byografi yo nan chak prezantatè. Chak patisipan yo dwe manm nan bon pozisyon nan ASWAD nan moman an tan yo soumèt yon rezime. Dat limit la panèl pwopozisyon oswa pwopozisyon endividyèl se 1er fevriye, 2019 ak notifikasyon an nan akseptasyon se 15 Me, 2019.

 

Sesyon nan konsèy

ASWAD 2019 ap prezante sesyon espesyal nan konsèy ouvè a patisipan anrejistre pou konferans lan. (detay yo ap pibliye nan yon dat apre).